Peyi A Gen Defo [Kanaval 2019]-Enposib

Genre-Kanaval
Year-2019
Men djaz ou (3x)
Enposib Li ye
Men djaz ou

Mwen chaje pwoblèm kap domine mwen
M kwè kanaval se solisyon mwen
Se vre chak ane li gou nan bouch mwen
Men peyi a sa gate l bay tout moun kè plen

Mwen m pale pou sanwont
Si w gade byen peyi sa pa manke defo
Kit sou bò dwat kit sou bò goch
Kale je w papa veye pou w pa pile defo
Kit sou bò dwat kit sou bò goch

Timoun – gen defo
Granmoun – gen defo
Tout moun – gen defo
A wi yo gen defo
Bèl fanm yo menm – gen defo
Lepè yo menm – gen defo
Blòdè yo menm – gen defo
A wi yo gen defo

Limena dòmi lakay ou lè w leve ou pa wè bous
Sa sa ye – defo
Sa sa ye – sa se defo
Blòdè antre nan chanm ou lè l ale ou pa wè tenis
Sa sa ye – defo
Sa sa ye – sa se defo
Joure fanm madan papa pandan pòch ou pa gen dola
Sa sa ye – defo
Tout sa se defo

Timoun – gen defo
Granmoun yo menm – gen defo
Tout moun – gen defo
A wi yo gen defo

Apa m tande djaz sa gen rival – enposib
Se pa nan bal se pa nan festival – enposib
Si w panse w ka manyen nou nan kanaval – enposib
San fè efò
Djaz la dous

Way manman – djaz la poze
Depi m gen otomega – djaz la dous dous
Depi m gen comme il faut – djaz la poze
Depi m gen digicel digicel – djaz la dous dous

Si Desalin ta fon leve li ta kriye – anmwey
Si Boukman ta fon leve li ta kriye – anmwey
Si Toussaint ta fon leve li ta kriye – anmwey
Yo tap mande kot peyi a prale

Oh oh oh – si gen pwodiksyon lokal ankò
Oh oh oh – si pèp la jwenn travay ankò
Oh oh oh – pwoblèm a sispann ogmante

Papa bondye peyi a vin frape pòt syèl la
Ouvè, ouvè, papa bondye ouvè

Mizè sa twòp pou nou – Bondye wo
Li fout twòp pou nou – Bondye wo
Fòk nou leve men pou n frape pòt syèl la – biw
Leve men dwat nou pou n frape syèl la – biw
Leve men goch nou pou n frape syèl la – biw biw
Met de menn anlè pou n frape syèl la
Frape – biw

Papa bondye peyi a vin frape pòt syèl la
Ouvè, ouvè, papa bondye ouvè

grangou sa twòp pou nou – Bondye wo
Li fout twòp pou nou – Bondye wo
Fòk nou leve men pou n frape pòt syèl la – biw
Leve men dwat nou pou n frape syèl la – biw
Leve men goch nou pou n frape syèl la – biw biw
Met de menn anlè pou n frape syèl la
Frape – biw

Ay ay ay ti cheri
Gen on jan pou w brase ti domino a
E ou menm blada, g on jan pou w brase ti domino a

Si w gen defo – mayo anlè
Si w gen defo – mouchwa anlè
Si w gen defo – mete tout sa w kenbe anlè

Anlè anlè gòg ki nan men w lan – anlè
Anlè anlè tchatcha ki nan men w lan – anlè
Anlè anlè kepi ki nan men w lan – anlè

Mayo – anlè
Mouchwa – anlè
Chemiz – anlè
Tout moun souke yo

Apa m tande djaz sa gen rival – enposib
Se pa nan bal se pa nan festival – enposib
Si w panse w ka manyen nou nan kanaval – enposib
San fè efò
Djaz la dous

Way manman – djaz la poze
Depi m gen bongu – djaz la dous dous
Depi nou nan sumfest – djaz la poze
Depi nou gen frechè lokal – djaz la dous

Apa m tande djaz sa gen rival – enposib
Se pa nan bal se pa nan festival – enposib
Si w panse w ka manyen nou nan kanaval – enposib
San fè efò
Djaz la dous

djaz la poze
izuzu – djaz la dous dous
men comme il faut kanpe nan men m – djaz la poze
djaz la dous